Pwoblèm zòrèy mwayen nou plis konnen yo
Yon bagay ki rive pandan nesans lan oubyen imedyatman aprè (kojenital) ka lakoz pwoblèm zòrèy mwayen an. Se yon kondisyon ou ka eritye. Oubyen ka se medikaman oubyen yon enfeksyon viral tankou epatit, VIH, sifilis oubyen sitomegaloviris ki lakoz li. Plis tan ap pase, kèk eskwasans oubyen maladi zo ka blese zòrèy mwayen an tou. Si li rete san l pa trete, pwoblèm zòrèy mwayen an souvan konn mennen nan pèt odisyon an nèt.
Zòrèy la gen 3 pati prensipal: zòrèy estèn nan, zòrèy mwayen an, ak zòrèy entèn nan. Zòrèy mwayen an fèt ak:
Gen 3 tip pèt odisyon:
-
Pèt odisyon kondiktris. Nenpòt bagay ki limite son an pou l rive nan zòrèy entèn nan ka lakoz li.
-
Pèt odisyon newosansoryèl. Tip sa afekte zòrèy entèn nan (limason) oubyen nè oditif la.
-
Pèt odisyon miks. Se yon melanj ant pèt kondiktif la ak newosansoryèl la.

Blese, enfeksyon, kèk eskwasans, oubyen maladi zo ka lakoz sentom ou yo. Tenpan an dechire oubyen yon enfeksyon nan zòrèy ki la lontan (kwonik) ka fè w mal epi diminye nan odisyon w.
Sentom
-
Pèt odisyon nan youn oubyen nan tou de zòrèy ou yo
-
Likid, souvan fwa ki santi, ap soti nan zòrèy ou
-
Ou gen yon lejè doulè oubyen presyon nan zòrèy ou
-
Zòrèy ou ap sonnen
Tip pèt odisyon yo
Pèt odisyon kondiktris
Ond sonò yo pètibe anvan yo rive nan zòrèy entèn nan. Si sa rive w, ou ka genyen yon pèt odisyon kondiktris. Gwo son yo vin piti. Epi li ka difisil pou ou tande ti son yo.
Koz yo ka:
-
Likid nan zòrèy mwayen an
-
Enfeksyon nan zòrèy (otit mwayen)
-
Enfeksyon nan kanal zòrèy la (zòrèy najè oubyen otit estèn)
-
Serimèn nan kanal zòrèy la
-
Timè ki pa gen kansè (benin) ki bloke zòrèy estèn nan oubyen zòrèy mwayen an
-
Yon twou nan tenpan w (tenpan w pèfore)
-
Gen yon bagay ki kole nan zòrèy estèn nan
-
Pwoblèm estriktiral nan zòrèy estèn nan oubyen nan zòrèy mwayen an
Souvan fwa tip pèt odisyon sa ka trete ak medikaman oubyen operasyon.
Pèt odisyon newosansoryèl
Se tip sa nou plis jwenn nan pèt odisyon pèmanan an. Li rive aprè zòrèy entèn nan fin andomaje. Li ka rive tou lè gen pwoblèm nan nè yo ki soti nan zòrèy entèn nan pou ale nan sèvo a. Ou ka santi sa di pou w tande son ki ba. Ou pa p ka tande son ki wo yo byen klè. Oubyen yo ka parèt toufe.
Koz yo ka:
-
Maladi
-
Kèk medikaman ka andomaje zòrèy la
-
Pèt odisyon ki lye ak laj (presbyakouzi)
-
Istwa fanmi an gen pèt odisyon ladann
-
Yon blese nan tèt
-
Espozisyon a son ki wo anpil
-
Pwoblèm estriktiral nan zòrèy entèn nan
Nan kèk ka li ka difisil pou w konnen koz pèt odisyon newosansoryèl la. Kèk twoub metabolik, tankou dyabèt, lye ak li. Si w pèt odisyon w lan inesplike, ou dwe fè tès pou w ka jwenn koz la. Tankou:
-
Tès nivo sik ki nan san w
-
Konte tout selil sangen yo (CBC).
-
Tès fonksyon tiwoyid ou yo
-
Ekzamen san pou sifilis
Nan anpil ka, yo pa ka repare pèt odisyon newosansoryèl ak medikaman oubyen operasyon. Ou ka bezwen aparèy oditif.
Pèt odisyon miks
Tip sa rive lè yon pèt odisyon kondiktris rive an menm tan ak yon pèt odisyon newosansoryèl. Se yon pwoblèm nan zòrèy estèn oubyen zòrèy mwayen ak nan zòrèy entèn ou. Ou ka pa tande byen nan youn oubyen nan tou de zòrèy ou yo.
Tretman pou pèt miks la ka yon melanj medikaman oubyen operasyon, menm jan ak aparèy pou zòrèy ou.